Columbus, Ohio
Rezève yon sesyon photoshoot pwofesyonèl, nan studio oubyen kote w chwazi.


























Chwazi opsyon ki pi bon pou ou a. Ou ka chwazi nan studio oubyen ou ka fè l deyò (nan lari, lakay ou, oubyen kote w vle).
Pou sesyon nan studio a, chwazi ant Timoun, Fanmi / Gwoup, oubyen Anivèsè & Pòtrè selon kiyès kap fè foto a.
Pou w pran randevou a wap peye yon frè rezèvasyon, frè sa ap konte nan pri total sesyon an.
Opsyon sa se pou foto anivèsè, matènite, gradyasyon ak lòt pòtrè kreyatif. Si nou plis pase 3 moun, rezève yon sesyon fanmi.
Opsyon sa se pou anivèsè timoun, bebe ak lòt bèl pòtrè kreyatif. Rekòmande pou yonn ou 2 timoun.
Opsyon sa se pou fanmi, zanmi ak foto gwoup. Kontakte nou avan si n plis pase 6 moun.
Chwazi kote w vle nan Columbus la, nou ka ede w chwazi tou. Kontakte nou avan w rezève.
Opsyon sa bon pou foto anivèsè, gradyasyon, foto fanmi, ak lòt pòtrè fashion nan andwa ke w vle.
Wap planifye yon maryaj, yon fèt oswa yon lòt evènman? Kontakte m pou nou pale sou sa w bezwen an.
Wap jwenn foto yo apati de 2 jou jiska 7 jou aprè sesyon an fini, ou chwazi e w peye balans lan. Si w bezwen yo pi rapid, ekri m avan pou n wè kòman nou ka jere sa.
Wi, ou ka pran plis foto ke sa w wè nan pake yo, wap jis peye pou sa. Aprè sesyon an wap gen pou w chwazi foto w pi renmen yo.
Wi ou ka chanje dat la oubyen lè a depi w fè m konn sa omwen 24 èdtan davans. Ou ka fè chanjman sa yon sèl fwa, e w dwe fè foto a avan 90 jou pou w pa pèdi frè rezèvasyon an. Sonje nou pa remèt lajan, si w rete konsa w pa vini san avèti, wap pèdi l.
Wi, nou deplase nan Columbus la oswa nenpòt lòt kote a. Li posib pou w peye yon frè anplis. Ekri m avan pou n pale de sa.
Ou gen yon kesyon? Ekri n sou WhatsApp, Rele n oubyen ranpli fòm ki anba pou w voye yon email.
Ranpli fòm sa pou w voye yon email pou nou.
Sa w dwe konnen avan w vini
Konsèy: Pa enkyete w si ou pa konn pòz, nap gide w pandan sesyon an.
Fotograf la
Walky
Hi, mwen se Walky! Espri kreyatif W Photography, ki nan Columbus, Ohio. Mwen spesyalize m nan plizyè kalite foto, soti nan anivèsè, gradyasyon, foto timoun matènite ak fanmi. Objektif mwen senp: se fè w santi w alèz, epi ba w bèl foto ke wap renmen.
Gade travay mwen yo