W Photography logo Rezève konnya 🇺🇸 English

Studio and Lifestyle Photoshoot

Nou baze nou nan Columbus, Ohio, W Photography ap fè w viv vrè eksperyans lan. Vini pou n klere w Nan Studio oubyen Nan lari.

Portrait 1 Portrait 2 Portrait 3

PRI FOTO YO

Gen plizyè opsyon disponib pou ou. Ou ka chwazi fè foto nan studio a oubyen ou ka fè l nan lari (nan nenpòt andwa w vle a).

Pri pou foto nan Studio

Vini nan studio a, pou n ka klere w. Pou w pran randevou a wap bay yon deposit (non ranbousab), epi jou w vin fè foto a wap bay rès la.

Portrait 1 Portrait 3 Portrait 3

Anivèsè - Matènite - Pòtrè ...

Maksimòm 3 moun. Si nou pi plis ke 3 moun, tanpri rezève sesyon fanmi an pito. Frè rezèvasyon an se $30 (lap soti nan kòb sessyon an):

  • 5 foto (45min): $150 (jiska 3 abiman)
  • 3 foto (25min): $100 (jiska 2 abiman)
  • 2 foto (15min): $80 (1 abiman)
Chwazi
Portrait 1 Portrait 3 Portrait 3

Sesyon Fanmi

Pou gwoup ki plis ke 3 moun. Kontakte n avan si gwoup ou a ap gen plis ke 6 moun kap patisipe nan foto yo. Frè rezèvasyon an se $40 (lap soti nan kòb sessyon an):

  • 5 foto (50min): $170 (jiska 3 abiman)
  • 3 foto (30min): $120 (jiska 2 abiman)
  • 2 foto (15min): $100 (1 abiman)
Chwazi

Pri Pou Foto Deyò

Ou ka chwazi kote w vle nan Columbus la pou w fè foto a, nou ka ede w chwazi tou. Ou ka peye yon frè deplasman si se pa nan zòn Columbus lan, tanpri kontakte n avan w rezève.

Portrait 1 Portrait 3

Anivèsè - Fashion - etc

Pou w pran randevou a wap peye yon deposit (non ranbousab), epi jou w vin fè foto a wap bay rès la:

  • 10 foto (45 min), travay pwofesyonèl: $280
  • 6 foto (30 min), travay pwofesyonèl: $200
Chwazi
Portrait 1 Portrait 3

Konsiltasyon

Rele oubyen ekri n si w ap planifye maryaj, evènman, oubyen foto pou yon pwodui, nan lide pou fasilite w yon bèl eksperyans.

5 a 20 minit konvèsasyon

  • Pou n diskite sou kisa w vle, ki kote, epi ki lè
  • Revize plizyè opsyon posib ak pri
  • Poze kesyon ak pataje ide
Kontakte m

Kesyon / Repons

Sou konbyen tan w bay foto yo?

Wap jwenn foto yo sou 3 a 7 jou aprè sesyon an. Si w bezwen yo pi rapid, ou ka ekri m depi avan pou n wè kòman n ka jere sa.

E si m bezwen plis foto?

Wi, ou ka pran plis foto, wap jis peye pou sa. Aprè sesyon an wap gen pou w chwazi foto w pi renmen yo. Travay ou san travay, nou pa fè kado foto.

Si m fin pran randevou, eske m ka chanje l aprè?

Wi ou ka chanje dat oubyen lè a depi w fè m konn sa pou piti 24èd tan avan. Sonje nou pa remèt lajan deposit la, si w rete konsa w pa vini, wap pèdi l.

Èske w deplase pou w al fè foto lòt kote?

Wi, nou deplase pou n al fè foto nan Columbus la oubyen nenpòt lòt kote a. Li posib pou w peye yon frè anplis pou deplasman, ekri m avan pou n pale de sa.

Kontake n

Klike sou link lan pou w ekri nou sou WhatsApp pou pi rapid, oubyen ou ka ranpli fòm nan pou w voye yon email pou nou.

WhatsApp WhatsApp me

Mesaj rapid

Ranpli fòm sa pou w voye yon email pou nou.

W Photography

W PHOTOGRAPHY

Hey! Mwen se Walky, lespri kreyatif dèyè W Photography.

Vini pou m klere w! 🔥🚀📸

Studio portrait Studio portrait Studio portrait Studio portrait Studio portrait Studio portrait

Politik Entèn

Tanpri li règ ak kondisyon sa yo depi avan w rezève. Sa ap ede nou asire ke sesyon an fèt san pwoblèm.

SA W DWE KONNEN

  • Pa gen foto gratis. Si w bezwen plis foto ou dwe peye pou sa.
  • Nap voye foto yo sou WhatsApp, email oubyen yon lyen pou w telechaje yo, nou remèt yo nan yon delè ki varye ant 3 jou jiska 7 jou.
  • Travay ijans (Si w vle):
    • 24èd tan: 20 dola pou chak grenn foto
    • 48 hours: 10 dola pou chak grenn foto
  • Anilasyon: Nou pa remèt lajan deposit. Men w ka chanje dat oubyen lè a depi w di nou sa yon jou avan pou pi piti.

RÈG AK PRENSIP

  1. ⏰ VINI A LÈ: Tanpri rive a lè. Si w bezwen chanje dat di m sa davans. Si w an reta plis ke 30 minit oubyen w pa vini ditou san avèti, w ap oblije re-peye pou w pran yon lòt sesyon. Pa gen fimen nan studio a. Pa vini sou enfliyans dwòg oswa alkòl.
  2. 👤 PA VINI AK PLIS KE YON SÈL MOUN: Tanpri pa vini ak plis ke yon sèl moun pou ede w (espas la limite). Ou ka vini ak timoun sèlman si wap fè foto pou li tou, e ou dwe toujou sipèvize yo pou yo pa fè dezòd ni manyen ekipman yo.
  3. 🎭 VINI PREPARE: Si lap posib ou ka mache tou prepare pou premye foto a, aprè sa wa chanje w pou fè lòt yo.
  4. 💄 PENYEN ak MAKIYAJ: Tanpri vini ak cheve w e makiyaj ou tou fèt. Ou ka mache ak jèl, yon bwòs tèt oubyen yon peny pou si w bezwen fikse yon bagay byen rapid.
  5. 💧 PA BLIYE KRÈM: Po idrate fè foto yo pi bèl! Mache ak krèm oubyen lwil pou w pase sou po w avan n kòmanse.

💡 TI KONSÈY: Ou ka chèche kèk pòz sou rezo sosyo yo ke ou ta renmen imite epi pratike yo davans pou yon pi bon rezilta!

RÈGLEMAN SOU DWA IMAJ YO

  • Lè ou fè foto nan W Photography, ou ba nou pèmisyon otomatik pou itilize foto yo pou marketing (sitwèb, rezo sosyo, etc).
  • Si ou ta vle foto w yo rete konplètman prive (sa vle pou nou pa itilize oubyen poste yo), sa ka rive nou fè w peye yon frè pou sa. Tanpri fè nou demann lan depi avan menm ou pran randevou a.
  • W Photography kenbe dwa dotè sou tout foto yo. Kliyan yo resevwa yon lisans pou itilizasyon pèsonèl yo (pataje/oswa enprime pou itilizasyon pèsonèl). Pou nenpòt itilizasyon komèsyal wap bezwen yon pèmisyon ekri.